Mande Asistans Legal
Fòmilè sa a se pou plent konsènan dwa sivil ki te fèt nan Maine. Si ou bezwen èd nan yon lòt eta, tanpri jwenn seksyon lokal ACLU a isit la.
Tanpri ranpli fòmilè sa a pi konplè posib.
Kòm nou resevwa anpil demann pou èd, se sèlman yon ti pousantaj dosye nou kapab aksepte. Toutotan ACLU a poko aksepte pran dosye ou a, se ou menm sèlman ki responsab pou respekte tout delè preskripsyon oswa lòt dat limit ki ka aplikab nan sitiyasyon pa w la. Si ou gen dout sou delè preskripsyon yo oswa si ou panse dosye ou a bezwen atansyon tousuit, ou ka mande yon lòt avoka konsèy.
REMAK: Si ou gen mwens pase trèz (13) lane, nou PA vle enfòmasyon pèsonèl ou yo, epi ou pa dwe bay nou enfòmasyon sa yo.
